“Lyankou”  Weslerd Dorsainvil

“Lyankou”
Weslerd Dorsainvil

Lyankou se lakay.
Se la nou gen zantray.
Se seremoni nan kafou.
Se bizango, jouk li jou.
Se kay marasa.
Se zòn lespwa.
Se lakou Dieve.
Tou pre kay Mèsidye.
Se Tapyon, se nan Baskou.
Yon bon doukounou.
Se fèt Monkamèl.
Se yon bèl akansyèl.
Se fèt chanpèt.
Se ekip Tampèt.
Lyankou se bon lalo.
Ak repsoro.
Se mayi boukannen.
Nou te santi n byen.
Anpil marenguen.
Men nou pa plenyen.
Anpil pousyè.
Nou rouze tè.
Fè nwa pa fè nou pè.
Nou te viv tankou frè.
Jodi-a men nan machè.
Nap viv ak laperè.
6 polisye tonbe.
Nou tout dlo nan je.
Bandi ap simen latwoublay.
Nou pè tout bagay.
Sonnen kleron.
Se sèl solisyon.
Konbit rasanbleman.
Ap mennen pidevan.
Batay pèdi.
Lagè pa pèdi.
Fok nou reflechi.
Pou bandi ka jemi.
Pote kole, pote kole.
Viktwa a se pou nou li ye.

6 Reviews

arachni_name
1

1

Write a Review

Related post

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *