“Ayiti Soufrisken” Bithja Marie Christine Osmann

“Ayiti Soufrisken”
Bithja Marie Christine Osmann

Chak sekond ki pase , pwoblèm peyim ap miltipliye
Yon pakèt sousèt ki nan leta , kap dechèpiye
Bann san konsyans , imoral ak defakto kap dirije
Zafè tinèg , depi nèg anwo jwenn pou yo layite
Ansanm pwototip sa yo , ki fèn konprann sak prejije
Pandan nou fèt pou nou viv lib avèk ekite
Libète ! Wi libète’n pa ta dwe depann de moun
Yon pil arivis, san konsyans men ki toujou sou moun
Egalite ! Pa ta dwe gen prejije , rasis ak diskrimine
Alòs ke mwen menm avèk ou sanble
Fratènite ! Poukisa ou panse ou sipoze plis pase’l?
Poutan , nou soti menm kote , pa ta dwe gen divize.
Chèn nan men , chèn nan ren, chèn nan pye’n
Lespri nou makonnen ak sistèm peze souse’n
Paske san konprann, se menm nou menm kap sibi
Istwa lavi’n , pou laverite pa gen anyen ki fyète’n
Si jounen jodi , nou youn ap viv ak lòt nan patipri
Se pa san rezon yo di pèp nwa sèvi ak babari .
Lamizè , fè nou vann vant nou pou lajan
Pandan peyi’n ka plen vant nou tout san pran tan
Kisa ki fyète yon pèp si pwop San’l li pa ka nouri ?
Depi’n piti yo fèn konprann ke sak vid pa goumen
Men jiskaprezan, Kiyès ki pwal plen sak nou sin pa goumen
Fyete’n pa vant nou , aprann sa ! Fyete ‘n se respè’n
Koripsyon, ensekirite ak enjistis finn layite
Pèsòn pako konprann si se nou tout ki konsène
Pandan anyen pap mache , nou chwazi viv an reziye
Anmwey!! Anmwey!! Anmwey!!
Jiska kilè nap kanpe pou nou di “ASE”?
Jiska kilè nap aksepte ke fòs nou se nan linite ?
Nou pa wè ke avni nou menase ?
Nou pa wè ke lavi nou an danje ?
Nou pako janm vle konprann ke nou mele ?
Minis defakto ap di pèp ouvè je’l
Kisa nap tann pou nou leve kanpe ?
Li lè ! Li tan ! Nou fout bouke ! Fòk sa chanje !
Ayisyen !! Ayisyèn !! Ayisyen !! Ayisyèn !!
Pa kite Bourik finn pase pou’n di fèmen baryè
Sispann fè politisyen pase figi nou nan matyè
Nou se moun ! Nou pa bèt ! Ann viv tankou moun
Respè’n se fyete’n ! Ann viv tankou moun !
Wi ! Nou se moun ! Aprann yo trete’n tankou moun

10 Reviews

Write a Review

Related post

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *