“Lakay”Styven Mangurart

“Lakay”
Styven Mangurart

Ba jou kase, lanjelis fè kòk chante. Seren kite gout li sou fèy pou zwazo goute, men solèy poko klere yo di li fè bren, se lè pou al mare zannimo, lè pou chode grèg tire lèt pou sa ki pa vley nwa, achte pen. Pipirit kap rele fè yo pa ka tande bri bwa wap kase nan chak kwen. Pou mete nan mitan twa pye dife pou koule kafe. Pen ak godèt emaye plen kafe nan men, chita nan pan pòt la pou evite boule ak chalè kafe a map eseye tise yon lyen…

Gen sa ki jete kafe nwa pou sa li pa wè yo, genyen ki di si li pa wè yo li pa k jete pou yo. Yon bèl jounen gntan kòmanse, solèy la gntan prèske fin prezante. moun ap pase desann pase moute. sa kap desann anba dlo epi gen sa kap moute nan bouk pase pran komisyon paske yo toujou di li pa chay. Sou karetèl la chak fanm vanyan nou yo ak yon bale pay pou yap wete pay. Salitasyon kap tonbe tribòbabò, mande vwazinaj kòman yo leve yo se fanmiy e fanmiy vo lò…

Lawouze tanmen fè zèb yo glise, solèy la kanpe. Se lè pou bwa bouske paske fòk pwa  kreve depiw wè mayi tranpe. Solèy la pa tade rive nan Mitan tèt nou sa vle di li midi, lè pou moso zaboka nou ap fonn ak chalè mayi. Nan admire nap wè nou chita  nan mitan jaden lanati, e nan peyi nou,ayiti, nou gen chans goute fri lanati lè ki fè nou plezi. A dezè, se pa ti chalè, m tou pwofite desann larivyè, sou dik la gen gagè,  kote pou nèg parye Anba kòk yo pap pè fè prè ak gwo enterè…

Kouran larivyè a pa sispann desann ak kribich, ak rès Makay. E nou pap neglije pote pèch lakay. Solèy la kòmanse antre nan kal li, tanperati a te cho, anpil bwi, anpil aktivite, li kòmanse antre nan kalm li. Al sou gayita pouw pran nwa ou t sere, paske nan boukan sou glasi a nwa pral griye, pandan lalin lan ap klere,epi koukouy ap klere tou bwa pou krikèt chante. Ti bwa ap rale nwa nan tou dife, men nou toujou veye pou dwèt pa tante paske boulel la ap boule… 

Tou pre a nou tande bagèt ap kase tèt tanbou, chante yo  pa chante lame selès, kanmenm se vodou. Anba peristil la,moun ap fouye vodou tankou yap trase kata, marasa chita nan yon Gwo kivèt tchaka, loa nou wè kap jwe ak dife a se Ogou. Dantò met ajnou li sèmante poul toujou pwoteje timoun ak fanm nwa. Freda vin pale avèm sou chwa lanmou’m ak sa m dezire li twouvem gen gou. Li kòmanse fè ta c lè poum al dòmi, etan map deplase m wè tankou c yon chat kap vole sou pye bwa yo knsa, se di yo dim se Gran bwa kap fè Lago ak kouzen Zaka…

10 Reviews

1
4

Write a Review

Related post

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *