“Pa mandem sim renmen’w”
Bescov LAGUERRE
Pa mandem sim renmenw
Siw paka kwè
M pa mandem poum prouvew
Yon evidans tout moun wè.
Pa mandem poukisa m renmenw
Paske lanmou pa gen rezon
Pa mandem tanpri
Pa mandem pouki rezon.
Pa mandem pouki chak fwam wèw kèm bat pi fò
Pouki souf mwen prèt pou koupe
M tankou yon lespri ki san kò.
Pa mandem pouki chak fwa m dòmi se wou m wè
Pouki chak fwa m pèdi nan lesprim , se nan wou wè
Wi se nan wou wè chimen maryaj , chimen fwaye
Se ak ou sèl , vim ap jwenn chimen bonè , chimen moun ere.
Men pa mandem siw paka kwè
Prouvew aklè , bagay tout moun wè.lbes