Yon 3e edisyon pou Festival Mozayik

Yon 3e edisyon pou Festival Mozayik

Òganizatè Festival Mozayik yo pati pou yon twazyèm edisyon. Aktivite sa tabli kò l, toujou nan vil Senmak, soti 22 pou rive 23 avril, kote estaf la prepare yon seri aktivite pou tout moun k ap gen pou patisipe.

Festival Mozayik se yon aktivite ki fèt chak ane depi 3 lane, ki mete kilti ayisyèn nan an valè. Si premye lane a, Òganizatè yo te prefere mete evenman an pou desanm, 2 dènye lane yo, yo pito vote pou mwa avril pou lanse, epi rive reyalize Festival Mozayik.

Sila yo ki ap mete evenman an sou pye panse ak yon bèl pwogramasyon pou twazyèm edisyon sila a. Ap genyen fwa atizanal, fwa kote w ap jwenn anpil manje lakay, jwèt, konkou, teyat nan lari, dans, vant siyati, elatriye.

Kidonk, se yon aktivite kote w ap ka achte : braslè, sandal, chèn, zanno,… manje bon ti pla lokal, jwe, danse, elatriye.

Festival la se inisyativ “Nisa Club”, (Nissage Saget Club) ki ap selebre 10 lane depi y ap feraye ane sa.” 2023, se yon ane espesyal, ni pou NISA, ni pou Festival Mozayik.

“N ap tou anonse ke Ane sa se yon ane espesyal; se ane 10 lane NISA; 1er Mai ap fè club la 10 lane. Pou selebre 10 lane sa, NISA ap òganize yon maraton (kous) dimanch 30 Avril 2023 a, l ap prime 10 premye moun yo, epi l ap remèsye espesyalman 10 moun ki toujou akonpanye NISA pandan 10 lane sa yo. Enskripsyon pou maraton sa ap fèt nan 2jou festival la. Frè pou enskripsyon an se 250goud.” Estaf la ap presize, atlèt pwofesyonèl p ap ka patisipe.

Eslogan pou twazyèm edisyon Festival Mozayik la se: Festival Mozayik, kilti peyi n, ou dwe la..”.

3 jou sèlman ki rete pou Festival la tanmen. Òganizatè yo ap tann tout moun ki ta vle patisipe ak yo.

Redaksyon Telemix swete, pou yon twazyèm fwa, Festival la reyisi.

Darline Honoré

Publishing Team

https://telemix.tv/

1 Review

1

Write a Review

Related post

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *