Kèk bagay ou dwe konnen sou premye me

Kèk bagay ou dwe konnen sou premye me

Nan peyi Dayiti, premye me se fèt travay ak agrikilti. Plizyè enstitisyon, piblik kou prive konn pran inisyativ, chak ane, òganize kèk aktivite nan kad fèt sila a,epi gade kondisyon ak opòtinite travay ki genyen anndan peyi a.

Men kèk bagay ou ta dwe konnen sou fèt nasyoal sa a, yo chome pa bò isit.

-Se Jan Jak Desalin li menm ki te gen lide konsakre yon jounen spesyal pou lagrikilti. Nou jwenn referans lan nan atik 21 ak 27 konstitisyon 1805 lan. Art 21 : « L’agriculture, comme le premier, le plus noble et le plus utile de tous les arts, sera honorée et protégée. » Plis detay bay sou sijè a, ki parèt pi klè, nan atik 27 la. Art 27 : « Il y aura des fêtes nationales pour célébrer l’Indépendance, la fête de l’Empereur et de son auguste Epouse, celle de l’Agriculture et de la Constitution. »

-Nan lane 1907, Henry Christophe retounen avèk lide Jan Jak Desalin nan pou l kite yon jou espesyal pou yo selebre agrikilti. Li te fikse dat la pou 15 avril. Se konsa nan atik 50 konstitisyon 1807 la, li te di konsa : «  Les fêtes nationales pour célébrer l’Indépendance, la Constitution, l’Agriculture, celles du Président et de son Epouse seront instituées et déterminées. » 

-Nan dekrè 4 avril 1807 la, Sena a dekrete premye me kòm fèt nasyonal agrikilti. Men se nan lane 1821 yo pral selebre agrikilti sou tout teritwa nasyonal la.

-Se sou gouvènman « Dumarsais Estimé » an, premye me parl tounen fèt agrikilti ak travay. Se nan atik 139 konstitisyon 1946 la, dispozisyon sa yo ta pral pran. « Les Fêtes nationales sont : celle de l’Indépendance, le 1er janvier ; celle de l’Agriculture et du Travail, le 1er mai ; celle du Drapeau, le 18 mai. »

Darline Honoré

Publishing Team

https://telemix.tv/

0 Reviews

Write a Review

Related post

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *