Twa (3) pèsonalite k ap alonè nan sizyèm edisyon Festival Entènasyon Literati Kreyòl

Twa (3) pèsonalite k ap alonè nan sizyèm edisyon Festival Entènasyon Literati Kreyòl

Yon lòt fwa ankò, Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (FEL) la pral pran chè sou teritwa ayisyen an. Pou lane 2024 la, ki se lane festival la pral sou sizyèm edisyon li, se nan vil Gonayiv, evenman sila a ap tabli kò li pi plis. Òganizatè yo deja ap travay danble pou rive rann ediyon sa posib, k ap tanmen jou k ap madi 3 desanm nan pou rive dimanch k ap 8 desanm 2024 la. Ane sila a, FEL ap genyen 3 potorik gason k ap alonè pandan tout festival la: Se Serge MADHÈRE, Michel DUCASSE, al Lionel DESMARATTES.

Se nan yon kominike óganizatè yo pibliye jou samdi premye jen an, yo pote enfòmasyon sila a. Serge MADHÈRE, ki se yon ayisyen, se powèt, doktè nan Statistik ak Metòd rechèch kantitativ, epi pwofesè inivèsite nan peyi Etazini; Michel DUCASSE li menm sòti Lil Moris. Li se powèt, tradiktè literè, jounalis, epi li etidye Lèt ak Lenguistik. Kanta Lyonel DESMARATTES li menm, li se ekriven, jounalis, tradiktè literè, epi manm Akademi Kreyòl Ayisyen. Li se ayisyen.

Malgre tout tèt chaje ki genyen nan peyi a, ekip festival la pa deside abandone inisyativ la. Pou yon 6e fwa, literati kreyòl pral taye banda gras ak divès aktivite ki pral reyalize pandan festival la.

Pa bliye, evenman an ap plis pran chè nan site lendepandans lan, men tou moun isit kay madan Kolo ap gen chans patisipe nan kèk aktivite tou. Anplis, òganizatè yo vle rete konekte ak tout moun ki p ap ka deplase yo; se pou sa aktivite festival ap disponib anliy tou.

Darline Honoré

Publishing Team

https://telemix.tv/

Related post